USAID akitive ekip entèvansyon sekou li a pou siklòn Matthew

For Immediate Release

Monday, October 3, 2016
Biwo pou Laprès
Telefòn: +1.202.712.4320 | Email: USAIDPressOfficers@usaid.gov | Twitter: @USAID
Prepositioned USAID disaster relief supplies in Miami, Florida
Prepositioned USAID disaster relief supplies in Miami, Florida
USAID

Prepositioned USAID disaster relief supplies in Port-au-Prince, Haiti
Prepositioned USAID disaster relief supplies in Port-au-Prince, Haiti
USAID

Stacks of USAID blankets
Stacks of USAID blankets
USAID

USAID hygiene kits
USAID hygiene kits

WASHINGTON -  Ajans Amerikèn pou Devlopman Entènasyonal (USAID) aktive ekip entèvansyon sekou li a (ki rele DART pou Disaster Assistance Response Team) nan zòn karayib la pandan siklòn Matthew ap menen lapli, van ak gwo vag ki menase lavi moun sou tout zòn la. USAID te deja mete materyèl sekou nan zòn la e l’ap pare kòl li pou voye lòl kagezon materyèl anplis. USAID a bay 400 000 dola ameriken anplis pou patnè li yo nan òganizasyon imanitè yo kapab ede viktim siklòn la rapi rapid.

DART la, yon ekip gwo ekspè nan zafè èd nan katastròf natirèl, pral fè kowòdinasyon ak gouvènman peyi afekte yo ak òganizasyon imanitè yo sou teren an pou pote èd imanitè ak sipò lojistik pou moun ki ta bezwen sa apre pasaj siklòn la.

DART la deja genyen ekspè sou plas an Ayiti, nan Jamayik ak Bahamas. Epi tou, Gouvènman Ameriken an geyen kominikasyon ak reprezantan Kiba, repiblik Dominkèn, Kolonbi,  Zil Kayiman ak Beliz pou kowòdone efò sekou yo si yo ta mande’l sa.

USAID ap bay 400 000 dola ameriken pou premye sekou an Ayiti ak La Jamayik. USAID pral travay ak patnè entènasyonal yo pou distribye materyèl sekou kritik yo ak jere sant ijans yo, epi bay sipò lojistik bay òganizasyon imanitè yo an Ayiti ak La Jamayik.

Biwo USAID a pou Asistans aletranje nan katastròf (ki rele OFDA pou Office of Foreign Disaster Assistance) deja kòmanse pare lòt kagezon materyèl sekou ak pwodwi debaz nan estòk li kenbe pour ijans nan zòn la pou li ka distribye yo rapid rapid bay viktim yo. Materyèl sa genyen ladan’l kit lijyèn, bach plastik, istensil pou fè manje, bidon dlo ak sitèn pou stoke dlo.

Depi anvan sezon siklòn la, USAID te deja pare mete la anpil materyèl sekou pou ijans tankou materyèl pou abrite, lèn pou kouvri, kit lijyèn, atik menaje, ak ekipman pou pirifye dlo, konsa yo kapab distribye yo rapid rapid pou ede popilasyon ki viktim yo anka ta genyen yon siklòn.

Pandan siklòn Matthew ap travèse zòn la, USAID, nan kowòdinasyon ak gouvènman peyi sa yo ak patnè li yo, ap kontinye veye sitiyasyon an e li ta kapab ogmante èd la si tout fwa ta gen bezwen sou teren an.

Laprès kapab pibiliye foto sa yo so tout fwa yo di se USAID ki bay yo.