USAID anonse l’ap bay 1 millyon dolar ameriken anplis pou èd imanitè ak sekou apre siklòn Matthew

For Immediate Release

Wednesday, October 5, 2016
Biwo pou Laprès
Telefòn: +1.202.712.4320 | Email: USAIDPressOfficers@usaid.gov | Twitter: @USAID

WASHINGTON – Ajans Amerikèn pou Devlopman Entènasyonal (USAID) anonse l’ap bay 1 milyon dola ameriken anplis pou èd imanitè pou Ayiti pou pote sekou bay kominote sa yo ki sinistre nan siklòn Matthew.  Sa fè èd imanitè pou sekou nan katastròf USAID bay pou karayib la monte 1 milyon 500 mil dola ameriken.

Montan 1 milyon dola ameriken anplis sila prale pou bay koupon alimantè, rasyon manje, transfè lajan cash ak bay manje nan sant evakiyasyon yo. Li va pèmèt tou pou òganizasyon imanitè yo ki patnè ak USAID pou yo ogmante operasyon sekou yo . USAID ap bay tou 500 mil dola ameriken bay òganizasyon entènasyonal an Ayiti, nan Jamayik ak Bahamas pou pote yon sipò lojistik epi distribye materyèl sekou kritik, tankou dlo po bwè, kit lijyèn, materyèl pou abrite, lèn pou kouvri ak atik menaje.

Nouvo finansman sila vini yon jou apre USAID te aktive yon ekip entèvansyon sekou (ki rele DART pou Disaster Assistance Response Team) nan zòn karayib la. DART la, yon ekip gwo ekspè nan zafè èd nan katastròf natirèl, deja simaye sou teren an, an Ayiti, nan Jamayik ak Bahamas e y’ap fè kowòdinasyon ak gouvènman peyi afekte yo ak òganizasyon imanitè yo sou teren an, pou pote èd imanitè kritik ak sipò lojistik pou kominote sinistre yo.

Anplis tout moun li mete ap travay sou teren an, USAID te deja pare mete la anpil materyèl sekou anplis nan depo Miami li a an Florid, e l’ap pare pou voye yo pa avyon talè konsa, pou ede moun sinistre yo.

Siklòn Matthew manyen tè an Ayiti nan maten 4 oktòb, yon kokèn chèn siklòn kategori 4 ki mennen inondasyon toupatou ak gwo dega nan enfrastirkti peyi a. Jodi a, manb ekip DART USAID a pral kòmanse evalye dega yo ak elikoptè nan zòn sila yo ki afekte pi plis.  Kapab genyen lòt dega nan jou k’ap vini yo, tankou glisman teren, labou desann, ak gwo vag tanpèt.

Peyi Etazini rete kanpe fèm pou li ede moun sinistre yo. USAID ap kontinye fè kowòdinasyon ak otorite lokal yo ak patnè imanitè li yo pandan l’ap evalye dega  Siklòn Matthew te lakòz.
Pou plis enfòmasyon sou USAID ak pwogram li yo, tanpri vizite www.usaid.gov